Eléus Vilanor alyas “Zion” ki se 2e chèf gang Kanaran an tonbe nan tire kout bal avèk lapolis. Lapolis rekipere tou yon fizi 12 apre entèvansyon sa.

Misye se youn nan pi gwo kriminèl lapolis tap chache e ki enplike nan divès krim tankou asasina, nan mwa mas 2022 a, polisye Henry Mark Millans ki te afekte nan BLVV/DCPJ ak yon ajan BSAP yo te rele Toussaint Roger nan Jerizalèm 8. Misye te prezan nan atak ki te fèt sou radyo ak tele Zenith la. Depi 2 fevriye 2022 pakè Kwadèboukè te lanse yon manda damne dèyè’l pou asasina.
Misye ki fèt 2 desanm 1989, patisipe nan divès zak kriminèl kap fèt sou wout nasyonal nimewo 3 a nan nivo Koray-Seslès. Se nan zòn sa li te konn fè kidnapin, detounen kamyon machandiz, fè atak sou bis kap fè trajè Mibalè epi brake moun ak zam.
Misye se nimewo 2 apre chèf gang lan Patrick alyas Patchouko. Li se youn nan moun ki te pran inityativ federe tout gang kap evolye Kanaran ak Koray yo e se limenm ki te gen chaj achte bal pou yo.
Lapolis ap kontinye bouske nan divès kwen nan peyi a yon fason pou mete tout bandi nan wòl yo.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *