Nan kad operasyon Lapolis mennen nan “Tibwadòm, nan depatman Latibonit, aprè bandi ak zam fin touye polisye Anthony Duma, 28 jiyè pase a, pou pipiti 9 bandi pèdi lavi yo nan boukante kout zam ak Lapolis, ak plizyè endividi jwenn arestasyon yo.
Moun ki arete yo:
Joseph Johnley, 33 lane, Willy Alcius, 41 lane, Luccène Andre, 39 lane, Sevigne Wade, 14 lane, Suselie Liasar, 23 lane, ( Madanm Jean Renald, bandi ki te touye Enspektè Johnny nan Komisarya Basen Ble an), Petithomme Madeline, 28 lane ak Pierre Celiane.
Materyèl ki sezi:
3 plak machin, yon chajè mp5, plizyè batistè, yon papye machin ak papye tè.
Toujou pandan operasyon sa yo, Lapolis rive libere 29 otaj, plizyè badji, boutik ak kay bandi te konn sèvi pou sere moun yo kidnape kraze.
Yon “Jeep” wouj, ak yon “Nissan Pathfinder” gri ki se machin bandi yo te konn sikile boule.
Lapolis nan depatman Latibonit, nan komin Gwomòn, pou mennen operasyon sa yo, sòti dimanch 31jiyè pou bout jedi 4 dawout, te jwenn ranfò gras ak sipò UTAG, UDMO Latibonit ak UDMO Nòdwès pou mete anba kòd tout endividi sa yo.
Par Witson Beaujour
Source PNH