Nan yon konferans pou laprès jedi 4 dawout 2022 a, pòt pawòl Pati Sosyo Politik Viv Ayiti a Rony Timothé ansanm ak Kòdonatè jeneral la Biron Odigé, kontinye ankouraje pwotagonis yo akòz kriz peyi a yo ki pa sispann depase, nan sans sa a, yo rete kwè se yon konnsansis laj akonpanye pa yon akò mondyal imedya enklizif ki ka retire peyi a nan katchyouboumbe li twouvel jounen jodia.

Yon lòt bò, responsab yo kondane ak tout fòs yo ensekirite a ki gaye toupatou nan peyi a ak inaksyon gouvènman an fè fas ak zak kriminèl gang k ap kontinye kidnape ak teyorize popilasyon sivil la chak jou pi plis.

Pi lwen, lidè estrikti Viv Ayiti yo kontinye mande otorite jidisyè yo ak fòs lòd la pou yo pran mezi nesesè kont nenpòt moun oswa gwoup ki enplike nan trafik zam ak minisyon, e kap nouri gang yo pou simen dèy ak dezolasyon nan mitan popilasyon sivil la.

Par Whisly Desir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *