Gouvènman peyi Lafrans lan ofri yon prè bilateral ki evalye ak 100 milyon ero ak peyi Ikrèn, nan lide pou soutni l pandan peryòd difisil li yo depi envazyon Ris la, anons lan fèt jodi madi 29 novanm lan, se Minis Ekonomi ak Finans fransè a Bruno Le Maire ki te ofisyalize prè sa a. Asistans finansye sa a fè swivi yon prè 300 milyon ero ki te akòde nan mwa mas pase a.
“Mwen vle montre Odessa kisa Ikrèn ap pase, Asistans finansyè nou vle ofri Ikrèn nan jwe yon wòl enpòtan nan sipòte estabilite ekonomik peyi a ak avanse sèvis piblik yo,” Bercy te di nan yon kominike. ” L ap kontribye tou nan bon jan operasyon efikas pou amenaje enfrastrikti esansyèl yo, pandan destriksyon fòs Ris yo nan peyi a, konsekans grav yo pa sispann dejenere nan sen popilasyon Ikrenyen an”, li te ajoute.
30% nan enfrastrikti enèji Ikrèn yo domaje Larisi te antre nan yon kanpay misil masiv ki vize enfrastrikti enèji Ikrèn yo nan kòmansman mwa oktòb la.
Daprè chif yo gouvènman nan peyi Ikrèn te site, ant 25 ak 30% nan enfrastrikti sa a te domaje.
Debousman lajan yo, ki pral peye “nan jou kap vini yo” dapre Bercy, te anrejistre anonse ayè lendi an pandan yon entèvyou videokonferans ant Minis franse a nan ekonomi Bruno Le Maire ak kontrepati Ikrenyen li Sergii Marchenko ak Ajans Frans pou Devlopman an (AFD).
Bò kote pa l, Almay, te anonse li ap founi “plis pase 350 jeneratris” bay Ikrèn.
Anplis de sipò finansye, Lafrans fè konnen y ap delivre ekipman defans nan peyi Ikrèn, ki te fè fas a atak destriktiv peyi Larisi te fè sou yo depi 24 fevriye.