Ayè madi 6 desanm 2022 a, Bandi ak gwo zam fann fwa nan men yo atake Mèt Salim Succar nan Laboule 12. Pa gen twòp detay sou kantite moun ki te prezan nan machin nan toutfwa, kèk moun ki te prezan akize asosyasyon kriminèl chèf gang “Ti makak” , k ap opere nan zòn Laboul, Tomasen, Pèleren kòm lotè zak la ak kè poze.

Toujou daprè enfòmasyon ki disponib nan redaksyon jounal “Tichèzba Lakay”, machin Mèt Salim Souccar a te resevwa plizyè katouch, enpak twou bal swadizan bandi yo vizib sou machin avoka a. Men Mèt Salim Souccar soti san blese san danje.

Fòk nou note tou, depi plis pase yon lane asosyasyon kriminèl “Ti makak” la, ap simen dèy yon gwo pati nan anwo Petyonvil la san rete, pi presizeman nan zòn Laboul, Pèleren ak Tomasen anba zye ak konpliksite otorite yo nan Leta a.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *