Lajistis peyi Dominiken akòde twa (3) mwa “prizon prevantif” kont Midrène Manessa Millien ki rekonèt kòm madanm vis-delege jiridiksyon Beladè a, Yvanosky Joachim, ansanm ak sèvant li Farah Joseph. 2 ayisyen yo te arete pou patisipasyon yo nan trafik minisyon ilegal.
Lajistis Dominikèn deside sou sò sitwayen ayisyen Midrène Manessa Millien ak Farah Joseph, yo te arete 8 novanm 2022 nan Repiblik Dominikèn. Arestasyon sa a te fèt akòz patisipasyon enplike yo nan zak kontrebann minisyon ak lajan. Midrène Manessa Millien se madanm vis-delege distri Beladè, Yvanosky Joachim.
Daprè enfòmasyon laprès dominiken yo pibliye, se jij César Aigusto Guezada ki te pwononse santans kont yo, Toutfwa rezilta ankèt k ap fèt sou reyalite yo nan prizon an poko konkli.
N ap raple, 8 novanm 2022, sòlda dominiken yo te arete madanm vis-delege Beladè a ak sèvant li nan fwontyè Elias Piñas, ki te gen nan men yo plis pase 22,160 katouch ki t ap mennen an Ayiti, abò yon machin Land Cruiser (zo reken). Pandan entèwogasyon li a menm jou a, madanm reprezantan Egzekitif la nan Baladè te deklare ; ” Se yon sèvis mwen t ap rann yon biznisman nan Komin nan ki rele Chilet Louis”, pandan li fè konnen tou li pa t konnen objè li te pote yo.