Premye Minis aktyèl peyi a Ariel Henry anonse yon kanpe kite sa sou vwayaj ofisyèl yo pandan fen lane 2022 a epi entèdi yo fè gwo seremoni echanj kado nan fen ane a nan sousi pou ekilibre epi diminye depans nan kès Leta a. Gouvènman an enpoze restriksyon vwayaj ofisyèl sa yo paske daprè sa li di Leta pa anvizaje depanse lajan nan peryòd difisil sa a.

Nan yon sikilè ki rann piblik sou tout rezo sosyal yo, li ekri “Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon bay lòd pou tout Ajan Imigrasyon yo nan divès pò, ayewopò ak pòs fwontyè peyi a, pou yo mande nenpòt gwo ofisyèl nan Leta tankou ; “Minis, Sekretè Deta, Direktè Jeneral” pou n site sa yo sèlman, ki vle pati pou yon peyi etranje, yon otorizasyon Premye Minis lan siyen kòmsadwa pou otorize l fè sa.

» Mezi sa a, daprè presizyon sikilè a, konsène misyon ofisyèl ak vwayaj prive yo tou (Paspò Regilye, Ofisyèl ak Diplomatik). Gouvènman an fè referans ak Dekrè 29 mas 2017 la, ki gen rapò ak vi Leta ki vize rasyonalizasyon depans piblik ak pi bon jesyon lajan kach pou jistifye mezi sa yo.

Anplis de sa, Biwo Premye Minis lan mande tout Ofisye Otorize Administrasyon Piblik yo pou yo limite depans yo pandan fen lane a nan bagay ki esansyèl yo. Yo entèdi nan “kòmande kado fen dane, an patikilye panyen Nwèl oswa kat salitasyon chè, toujou daprè presizyon sikilè sa a.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *