Jou ki te vandredi 25 novanm 2022 a, nan okazyon jounen entènasyonal eliminasyon vyolans sou fanm, Solidarite Fanm Ayisyèn yo (SOFA), lonje dwèt jouda yo sou 7 agresè seksyèl ki jwenn liberasyon yo nan plizyè jiridiksyon an Ayiti san jijman. Moun sa yo te nan prizon pou asèlman seksyèl sou fanm ak tifi.
Konsa, òganizasyon feminis nou sot mansyone a site non tout moun sa yo youn aprè lòt.
Anplis, Solidarite Fanm Ayisyèn yo, (SOFA) òganize 16 jou aktivite nan plizyè rejyon andedan peyi a. Pandan okazyon sila a, li denonse 7 agresè seksyèl yo ki jwenn liberasyon yo san okenn jijman nan peryòd mwa oktòb ki sot pase a.
Non agresè seksyèl sa yo se:
1- Frederic Claude
2- Charles Develor alyas Senèque
3- Simon Jean Paulin alyas Popo, 4- Jean Louis Phato
5- Zidor Pierre Michel
6- Léoné Alex alyas Gaspiye
7- Luc Mara
SOFA souliye tou, dekrè mwa jiyè 2005 lan nan atik 2 modifye a, te mansyone yo prevwa 10 lane prizon ak travay fòse pou tout agresè seksyèl yo.