Soti 29 novanm pou rive 3 desanm 2022, 9 prizonye pèdi lavi yo nan prizon sivil Jakmèl la. Prizonye sa yo te fè pati anviwon 30 malad grav, daprè Jean Jeudy, ki se kowòdonatè òganizasyon dwa moun, nan Site Makaya.
Dezidratasyon gravman grav, anemi ak kèk lòt siy ki sanble ak kolera se kòz prensipal lanmò pou moun sa yo, toujou daprè presizyon Jean Jeudy. Li mande pou otorite yo nan pi wo nivo Leta a entèvni pi rapid posib, yon fason pou evite lòt lanmò nan sant prizon sila a.
An menm tan, yon asiz kriminèl san asistans jiri deja pwograme k ap gen pou soti apati 6 pou rive 20 desanm 2022 a nan vil Jakmèl. Y ap geen pou tande 17 ka ‘’Asosyasyon kriminèl, vòl ame pami lòt akizasyon kont akize sa yo.