Yon madanm 39 lane jwenn liberasyon li gras ak fòs lòd yo anba grif bandi ak zam san manman nan site Doudoun andedan komin kwadèboukè te kidnape depi 12 dawout pase a.

TICHÈZ BA LAKAY, 25 Dawou 2022.- Nan kad yon operasyon lapolis te tanmen depi plizyè jou pou derasinen atoufè kap simen latwoublay nan komin kwadèboukè, operasyon yo te mennen lapolis nan katye site Doudoun kote bandi komin sila a abitye sere moun yo kidnape. Yon dam 39 lane jwenn liberasyon li gras ak entèvansyon fòs lòd yo, viktim nan pat sispann fè elòj pou enstitisyon an pandan lap eksplike mizè li pase anba men mesye yo.

Selon yon rapò pou laprè enstitisyon an drese, genyen 2 endividi ki mouri nan echanj kout zam avèk Lapolis pandan moman operasyon an. Endividi sa yo se Samuel Joseph ak Guemson Joseph.

Se yon ekip UDMO ak CIMO ki te mete ansanm avèk Komisarya Kwadèboukè a ki mennen operasyon sa a nan Site Doudoun, yon katye anpil bandi itilize pou kache epi poze move zak sou popilasyon an.

Viktim nan ki pase 12 jou anba men malfra yo ap eksplike kòman peryòd sa te difisil pou li epi pwofite remèsye Lapolis ki libere l anba men atoufè yo. «  Se pandan mwen te apèn ap fèmen yon boutik mwen genyen bò plas la, epi mwen ap kouri machin mwen… genyen yon machin kap plede ralanti dèyè m nan tipa tipa, lè mwen rive yo brake zam sou mwen epi yo menase yap fizye m si mwen fè nenpòt erè. » ak anpil strès li tap eksplike kijan mesye yo te pwosede ak anlèvman li.

Viktim nan eksplike tou, pat gen chans pou liberasyon li, si toutfwa se pat fanmi li ki te kontribiye pou bay ranson malfwa yo te egzije a oubyen bon kè atoufè yo, li pat rete kwè yon segond lapolis tap vin pote l sekou yon jou nan rak bwa li te twouve l la. Pi lwen, li remèsye mesye PNH yo pou travay sa a epi felisite devouman yo ak kapasite gèrye yo genyen pou tabli lòd ak lapè tout bon nan tout peyi a.

TICHÈZ BA LAKAY (TCB)

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *