Aprè desizyon Premye Minis Ariel Henry te pran pou mande ajan Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon pou yo reklame otorizasyon nan men tout gwo responsab leta kap vwayaje aletranje yo, plizyè avoka te montre yo kont desizyon sa a, pou yo se yon mannèv diktatoryal ki vize restriksyon sou libète endividyèl.

Mèt Camille Junior Edouard, nan yon entèvyou ak youn nan medya nan kapital la, pa t mete dlo nan bouch li lè li t ap denonse desizyon sa a, lokatè Primati a pran, yon disizyon daprè sa ansyen Minis Jistis ak Sekirite Piblik ayisyen an fè konnen ki vize retabli diktati nan peyi a.

“Se tankou Nou tounen dèyè. Se yon kout mato pou demokrasi ak dwa chak Ayisyen ak chak Ayisyèn”, te fè konprann Camille Junior Edouard.

Bò kote pa l, koòdonatè estrikti sosyo-politik ki rele Espas Mobilizasyon Nasyonal (EMNA), Mèt Marc Antoine Maisonneuve fè konnen desizyon sa a, se kominote entènasyonal la ki pouse Chèf gouvènman Ayisyen an pran l.

Pou sipòte tèz li a, avoka a evoke sanksyon kominote entènasyonal la te enpoze kont ansyen ak aktyèl manm gouvènman an, aktè ki soti nan klas politik la ak sektè biznis prive a.

Se sak fè, pou Mèt Marc Antoine Maisonneuve, Premye minis Ariel Henry se yon ti jwèt ki sèlman la pou obeyi lòd kominote entènasyonal la.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *