Lapolis Nasyonal melanje ak Lapolis Minisipal arete prezime chèf gang Tony Philémon alyas « Tèt Klowòks », jodi madi 16 dawout 2022 a nan « Anicia Market », Zabriko, katryèm seksyon kominal Ansagalè.

« Tèt Klowòks » ki t ap opere Kanaan jwenn arestasyon l ak yon dam ki konn prepare manje pou li, daprè yon sous nou fè konfyans. Kèk abitan Bwa-Pen, kote Tèt-Klowòks fè ladesant fè konnen gen plizyè lòt sispèk ki gaye anba raje yo.

Pou kouwè l ye la a, prezime chèf gang nan, Tony Philémon ak lòt dam nan twouve yo nan komisarya Ansagalè a.

Lapolis Nasyonal ak Lapolis Minisipal deside kwape tout malfwa ki vle vin simen latwoublay nan kominote a. Fòk nou di tou, plizyè bandi ta deside pran wout Lagonav pou al kache sou zile a, daprè yon mesaj vokal ki t ap sikile sou rezo sosyal yo.

Pa Witson Beaujour.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *