Lapolis nan Direksyon Depatmantal Sant mete anba kòd plizyè jèn gason nan dat jedi 18 Dawou 2022 a. Endividi sa yo soti nan diferan andwa nan depatman Sant ak Lwès peyi a.

Sou paj ofisyèl enstitisyon an, yo pibliye non ak laj epi fonksyon prezime manm aktif estrikti kriminèl yo ranpli.

1-Yvenson Deshomme, 18 lane, moun Mayisad. Lapolis arete l pou brakaj ak asosiyasyon malfektè.

2-Lucner Charles, 30 lane, moun Mayisad, lokalite Savann. Lapolis arete l pou brakaj ak asosiyasyon malfektè.

3-Clodener Charles se moun Mayisad. Li jwenn arestasyon l pou brakaj ak asosiyasyon malfektè.

4-Joseph Djimy, 24 lane, moun Mayisad. Li jwenn arestasyon l pou vòl.

5-Evens Lefève, 36 lane, moun Pòtoprens, zón Bèlè. Li arete nan komin Tomasik pou ankèt SDPJ.

6-Joadson Declé, 27 lane, moun Pòtoprens, zòn Lilavwa. Li arete nan komin Tomasik pou ankèt SDPJ.

7-Alastil Jean Kenold, 21 lane, moun Mibalè, li soti Lilavwa (Komin Kwadèboukè) epi li arete nan komin Tomasik pou ankèt SDPJ.

8-Alexandre Joadjimy Choverne, 21 lane, moun Tomasik. Lapolis arete l pou ankèt SDPJ.

9-Wadson Jean, 19 lane, moun Ench. Endividi sila arete pou vòlè telefòn.

Pou kouwèl ye la a, tout endividi sa yo fèmen nan gadavi pandan dosye yo ap prepare pou y al reponn kesyon devan enstans sa konsène pou swit legal.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *