Lapolis nan Balatibonit libere 4 otaj, madi 10 janvye 2023 a. Bandi nan “Dig”, yon lokalite nan komin Lyankou, te kidnape kat (4) sitwayen sa yo.
Viktim yo te nan yon machin pou al depoze lajan labank.
Premye eleman ankèt yo ta revele ke gen posiblite mann nan fanmi viktim ta enplike nan kidnapping lan, yo ta an koneksyon avèk manm gang Lyankou epi angaje 3 bandi pou komèt zak sa.
Aprè kidnapping nan, bandi sa yo te pran lari ak zam nan men yo epi yo tap tante mobilize yon pati nan popilasyon an kont lapolis pou fòse yo mete barikad sou wout la yon mannyè pou fòs lòd yo pat rive libere otaj yo paske yo te wè lapolis te pran direksyon kote bandi yo te sere otaj yo. Yo te pran pretèks ke yo tap pwoteste kont kidnapping nan.
Yon lòt pati nan popilasyon an ki byen avize te apiye lapolis epi yo tap bay bon jan enfòmasyon sou pozisyon yo kache otaj yo.
Ekip UDMO ki te sou plas vin jwenn ranfò lòt kòlèg ki te soti Senmak. Nap souliye gras ak dispozitif lapolis nan Balatibonit, 4 otaj yo finalman libere.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *