Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun atravè yon rapò fè konnen komisè adjwen Pakè Pòtoprens lan, Jeanty Souvenir, pran lajan pou libere 2 prezime asasen. Nan sans sa a, RNDDH mande louvèti yon ankèt rapid sou konpòtman komisè a.
Anprizone nan prizon sivil Pòtoprens pou asasina Gabriel François, 86 lane, Amos Edmond ak pitit gason l Signoly Edmond te vle jwenn liberasyon yo ak lajan. Vrèmanvre, komisè adjwen Jeanty Souvenir afime, daprè RNDDH, li te retire 2 akize yo nan selil yo pou l ka konfime prezans yo nan penitansye a.
Yon enfòmasyon ki pa vrè, daprè òganizasyon pou Defans Dwa Moun lan.