Plizyè dizèn machann dominiken bloke komès ki genyen sou fwontyè ant Ayiti ak Repiblik dominikèn nan pou anpeche machandiz sòti sou teritwa yo a pou ale Ayiti.

Nan diferan kafou ki bay sou fwontyè a, machann yo te anpeche pasaj fèt epi refize tout chantaj kèk Ayisyen t ap bay yo pou te travèse vin fè komès.

« Nou entèdi pasaj machandiz ki nan kamyon epi ki an kantite, paske nou abitye ak jan de bagay sa yo deja », se deklarasyon prezidan Asosyasyon komèsan Dajabón nan, Abigail Bueno, ki te di l detèmine pou fè Ayisyen yo peye pou jès sa yo fè a. Li fache anpil paske yo te fèmen fwontyè yo a ak Repiblik dominikèn pou komès pa fèt.

Depi plizyè jou, komèsan Ayisyen k ap viv nan zòn fwontyè ant 2 peyi yo te leve kanpe kont move tretman konpatriyòt yo ap sibi anba men imigrasyon dominikèn nan lè y ap rapatriye yo lakay yo.

Pami divès mezi Ayisyen yo pran kont sa: yo fèmen bò fwontyè pa yo a pou evite komès fèt, yo menase yo pa p louvri pandan plizyè mwa epi y ap soude baryè a pi di toujou.

Komèsan dominiken yo, pa bò kote pa yo nan mache Dajabón nan, ki se prensipal viktim, reponn ak menm aksyon an epi fèmen bò fwontyè yo a san di pou ki lè. Yo deklare yo pa p pran presyon nan men Ayisyen yo.

« Antanke komèsan, nou pa p mande pou pòt la louvri, men pou souverènte nasyonal la respekte. Nou pa ti grangou jan yo panse a. Si pòt yo a fèmen pou 6 mwa, n ap fèmen pòt nou an pandan 1 an paske nou pa p pran chantaj sa chak fwa mache a fèmen pou fè presyon sou nou. Sa fini ! », se te deklarasyon yon komèsan dominiken, ki se Welington Payano.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *