Ansyen Premye minis ak ansyen chanselye ayisyen Claude Joseph denonse devan Wo komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun yo, swadizan “lachas kolektif” y ap komèt kont Ayisyen yo an Repiblik dominikèn.

Nan yon kominike, kabinè om d Eta a fè konnen pratik sila te la depi kèk tan men depi dènye tan sa yo yo vin ogmante kont kominote ayisyèn k ap viv an Repiblik dominikèn nan.

« Sistematikman chak jou, yo chase, epi mete plizyè santèn Ayisyen nan prizon pou yon ti tan, avan yo voye yo tounen nan peyi yo tankou bèt nan kèk pwen ofisyèl oubyen ki pa ofisyèl”, se sal deklare.

Sekretarya politisyen an fè konnen lè yo rapatriye Ayisyen yo nan peyi yo, yo pa pèmèt yo rekipere byen yo, tout sa okazyone « separasyon paran ak timoun yo ».

“Sekretarya a te note tou Misye Volker TÜRK te eksprime, nan dat 10 novanm 2022, pwofon etonnman li sou fason yo t ap fòse Ayisyen yo soti an Repiblik Dominikèn pou tounen lakay yo e li te mande an menm divès Eta ki nan rejyon an e pi patikilyèman gouvènman dominiken an Prezidan Luis ABINADER ap dirije, pou mete fen nan ekspilsyon Ayisyen yo ak redouble efò pou anpeche ksenofobi, diskriminasyon ak lòt fòm entolerans ki baze sou orijin nasyonal, ras oswa etnik, oswa sitiyasyon imigrasyon.

Si deklarasyon Wo Komisè Nasyonzini pou dwa moun yo ka konsidere kòm ekspresyon solidarite kominote entènasyonal la anrapò ak Ayiti ak ayisyen yo, li regrèt pou nou fè remake prezidan Luis ABINADER sinikman te inyore rekòmandasyon imanis Mesye Volker TÜRK yo e se poutèt sa li te bay lòd miltiplikasyon operasyon depòtasyon kolektif ayisyen yo nan Repiblik Dominikèn.”

Kòdonatè pati politik EDE a (Engagés pour le Développement) plede rapatriman Ayisyen yo fèt san okenn ekzamen patikilye chak moun ki konsène yo.

Nan dokiman sila li adrese nan lang fransè bay Mesye Volker Türk, li raple se responsab ONU an ki te mande semèn pase a pou otorite dominikèn yo te “sispann” depòte pa fòs Ayisyen yo lakay yo paske vyolans ak zam ki gen la ak vyolasyon “sistematik” Nasyonzini yo la pa t pèmèt gen yon sekirite, pou voye yo tounen lakay yo an tout sekirite, epi pou sa dire.

Claude konpare politik imigrasyon Abinader a avèk pa diktatè dominiken Rafael Leónidas Trujillo la, e jounen jodi a li kontinye eksprime l sou mezi sa avèk dokiman sila li voye bay Nasyonzini an, epi mande yo mennen divès aksyon pou fè Abinader sispann vyole dwa fondamantal Ayisyen yo an Repiblik dominikèn.

Claude Joseph bay asirans depòtasyon yo fèt nan kad yon prensip “anti-Ayisyen”, ki baze sou rasis, ksenofobi, diskriminasyon ak lòt fòm entolerans aktyèl ekstrèm dwat la nan Repiblik dominikèn ap pwomouvwa epi ki “kenbe pa rayisman karakteristik prezidan Luis Abinader genyen anvè Ayisyen yo”.

Ansyen Premye minis Claude envite Wo Komisarya a pou l fè yon vizit enspeksyon sou fwontyè dominiken-ayisyèn nan “pou verifye” kondisyon Ayisyen yo rive an Ayiti aprè yo te mete yo deyò nan Repiblik Dominikèn, epitou yon misyon rechèch nan Repiblik Dominikèn pou dokimante “reyalite evidan nan vyolasyon dwa fondamantal ayisyen yo nan peyi sa

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *