Lapolis nan depatman Sidès arete Laguerre Harrisson, 29 lane nan seksyon kominal Brezilyèn ki tabli l nan komin Benè jou ki te jedi 30 mas 2023 a.
Lapolis dispoze endis ki ta lèse konprann misye fè pati gang Vitelòm nan e li ta vin kache nan depatman an pou li pran swen apre li te fin resevwa yon bal bò vant li.
Selon sa li fè konnen se nan echanj kout zam ant gang Vitelòm nan avèk fòs lòd yo li ta rive pran bal la.
Lapolis ki te akonpaye Jij de Pè Benè a Willy Toussaint tal fouye kay misye kote yo jwenn 2 zam kreyòl (fabrikasyon atizanal).

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *