Sèlman nan jounen ayè vandredi 18 novanm 2022 a, plizyè viktim te anrejistre aprè afwontman gang rival yo, k ap goumen pou kontwole zòn nan. Plizyè moun soti blese, pami yo te gen yon fanm ki te pran yon bal mawon nan kou. Depi Anviwon 8 jou, afwontman ant bandi yo ki nan katye Gran Ravin ak sila a yo ki nan Kafoufèy ak Tibwa, mete plis an danje inosan san defans yo, pase nan zòn “Savann Pistach” ki sitiye ant dezyèm ak twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan vin pa aksesib menm jan an.

Daprè sa a plizyè zanmi pwòch redaksyon an ki rete nan katye a fè konnen, tankou ansyen polisye sendika Abel Gros-Nègres, bandi yo ap goumen youn ak lòt pou yo eseye pran kontwòl zòn nan. Depi nan kòmansman tire yo, anpil viktim te anrejistre, san konte moun yo te tire epi boule vivan nan kèk kay, Cathiana Pierre, yon fanm 30 lane, manman de 2 timoun, te malerezman pèdi lavi l nan menm sikonstans sa a , aprè malfwa san ginen yo te mete dife sou li.

Malgre efò lapolis k ap miltipliye tipa tipa ak patisipasyon rezidan lokal yo, bandi yo pa janm abandone. Kòm rezilta, viktim yo fenk kare anrejistre.

Daprè plizyè nan rezidan yo, pami viktim yo genyen yon fanm ki t ap benyen nan san li, toutfwa, yo pa t an mezi pou devwale idantite l, li pran yon bal mawon nan kou l, pandan li t ap regle tre li andedan lakay li nan lokalite Avni “Magloire Ambroise”.

Yo te toutswit kouri lopital ak li pou premye swen nesesè yo. Jiska 10è nan aswè, kout bal pat sispann chante mikalaw nan katye a, moun yo kalifye zak briganday sa a yo kòm yon envazyon gang ak zam. Pandan tan sa a plizyè fanmi kontinye ap kouri kite kay yo te pase plizyè lane ap konstwi ak swè yo, akòz presyon bandi san fwa ni lwa ap mete sou yo.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *