Pandan gouvènman an te anonse li te jwenn nan men FIFA dwa pou retransmèt tout match yo nan mondyal Qatar 2022 a, nan mitan match la jodi Mèkredi a, Televizyon Nasyonal Dayiti te retire dwa sa a.
Se direktè jeneral RTNH Gamal AUGUSTIN ki konfime enfòmasyon an, reprezantan konpayi Verticas la ki te bay Ayiti siyal la eksplike pi gwo rezon ki lakòz retransmisyon yo koupe pou Ayiti.
“Sa fèt paske Ayiti poko janm pran angajman pou l peye menmjan ak lòt peyi yo”. Te di reprezantan konpayi Verticas la nan yon kominike pou laprès.
Fòk nou raple tou konpayi Verticas te egzije yon sòm ki evalye ak 2.5 milyon dola vèt ak dirijan peyi Dayiti yo pou retransmèt tout match yo, yon sòm gouvènman an malerezman pa t janm bay, daprè enfòmasyon nou jwenn gouvènman an ta pwopoze yon sòm 1.5 milyon dola pou rekipere siyal la a konpayi Verticas pa t kontan òf la.