Jan sa a te anonse depi ayè jedi 17 novanm 2022 a sou paj twitter li, Anbasad peyi Meksik an Ayiti louvri sèvis randevou yo depi jodi vandredi 18 novanm 2022 sa a.
Nan yon avi ki te rann piblik ayè jedi a sou kont twitter li, ofisyèl anbasad Meksiken yo an Ayiti te fè konnen sèvis randevou yo ap ouvri pou tout moun ki swete pran randevou apati jodi vandredi 18 novanm 2022 a. Vreman vre, nenpòt moun ki vle jwenn yon randevou davans ka jwenn aksè nan sit sa a ki se http://citas.sre.gob.mx/ aksè ak lyen an gratis pou swivi ki nesesè yo.
“La prise de rendez-vous pour nos services consulaires est personnelle et gratuite “. konkli anbasad la sou kont twitter li nan avi ki pibliye a.