Se Jaylen Smith ki gen 18 lane sèlman sou rekòt kafe li ki eli majistra nan zòn riral Earle Arkansas, yon ti vil nan peyi Etazini. Jenn politisyen 18 lane a epate entènèt la depi aprè piblikasyon rezilta eleksyon an. Nan klasman pèsonalite politik yo, li klase kòm pi piti majistra nwa k ap jere tout yon vil nan peyi Tonton Sam nan. Daprè medya entènasyonal yo, li se yon demokrat, li te gradye nan yon lekòl segondè nan mwa me 2022.

Mwens pase yon lane aprè, jenn ofisyèl eli a te deja ap prepare l pou gouvène yon vil ki genyen 1,831 moun ladan l. Jenn Demokrat la te kraze do Nemi Matthews, ki se advèsè li a, ak yon rekò 235 vòt kont 185, daprè rezilta ofisyèl Biwo Grefye a te konte, Crittenden ak Patrick Robinson te voye done yo rapidman bay CNN, ki se pi gwo medya kay Tonton Sam.

“Mwen pa t kouri fè yon non pou tèt mwen. Mwen te kouri paske mwen te vle ede kominote mwen an epi fè kominote mwen an avanse nan direksyon kote li te bezwen deplase a,” jenn ofisyèl ki apenn eli a te deklare pawòl sa a sou chanèl Ameriken an.

Majistra Little Rock Frank Scott Jr, ki se premye lidè Jaylen Smith te mande konsèy pou l te prepare l pou pòs majistra a, eksprime santiman li aprè jenn Afwo-Meriken an te fin ranpòte eleksyon an. “Mwen kontan anpil pou Jaylen ak tout kominote Earle la, pandan li nome piti majistra Afwo-Meriken ki eli nan peyi a. Mwen fyè de volonte l pou l antre nan sèvis piblik la nan yon laj ki si jenn konsa ak objektif anbisye li pou vil la.” Nouvo majistra Earle a gen plizyè plan pou vil li a.

Li gen pou l prete sèman pandan premye semèn janvye 2023 a. Pandan manda li a, li vle rekonstwi vil la nan netwaye kay ki abandone yo, mete sèvis lapolis disponib 24 sou 24 pou popilasyon an, kreye travay pou jenn yo epi tabli yon asosiyasyon transpò piblik nan boutik, makèt elatriye.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *