Batay initil gwoup bandi san fwa ni lwa yo te pwovoke nan katye Savann Pistach la ki se yon katye popilè ki sitiye nan twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, gen gwo konsekans sou lavi sitwayen pasifik yo nan katye yo ak lòt zòn ki anviwonnen l yo.

Se ak lapenn, yon manman t ap asiste ak 2 pitit li ki t ap trepase devan je li vandredi 2 desanm pase a, apre li te fin reziste pandan 15 jou fèmen lakay li anba yon kabann san manje, san anyen. Marco Gaspard Larose, yon ti gason 3 lane ak Richamar Austin, yon ti fi 8 lane, te mouri grangou.

Manman 2 ti lèzany sa yo pa t gen anyen pou yo manje lakay yo epi li pa t ka fè yon pa kita, yon pa nago pou jwenn yon ti mòso lamanjay, akòz presyon kout bal ki p at sispann chante mikalaw nan katye a. Te rapòte Mèt Louimann MACEUS, yon militan Dwa Moun.

Sitiyasyon an revòltan, pa gen benyen kache lonbrit ankò, lè n konsidere aksyon malouk sa yo pa sispann debouche sou yon vyolasyon dwa ak lavi, sekirite, manje ak libète endividyèl Konstitisyon ayisyen an garanti ak lòt enstriman legal entènasyonal peyi Dayiti adopte.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *