Operasyon Tònad I an ap rapouswiv nan zòn Pènye ak Tòsèl kote Fòs lòd yo kontinye trake lajounen kou lannwit chèf gang Vitelòm ak tout akolit li yo ki enplike nan divès zak tankou asasina polisye, anlèvman, vòlè machin ak kamyon machandiz etc.
Depi week-end pase a, Inite espesyalize ki enplike nan operasyon sa yo envesti fièf chèf gang Vitelòm kote yo jwenn plizyè materyèl tankou machin avèk ansyèn lapolis, yo konn itilize pou kidnape moun.
Sèvis teknoloji lapolis la detwi yon dwòn malfra yo te konn itilize pou gen kontwòl mouvman lapolis ap fè nan zòn yo.

@tichezbalakay

📷 Dewoulman operasyon Tònad I nan fyèf chèf gang Vitelòm

♬ original sound – TichèzBa LAKAY – TichèzBa LAKAY


Malgre anpil barikad yo mete sou wout yo pou anpeche lapolis rive sou yo, ajan lòd yo deja pran kontwòl plizyè espas ki te anba kontwòl bann kriminèl sa yo. Yo refijye nan tèt mòn pou tire sou polisye yo ki kontinye ap pwogrese sou yo gras ak angajman epi detèminasyon yo.
Nan larivyè griz bandi yo fouye gwo twou pou pyeje blende ak veyikil lapolis ki angaje yo nan kokenchenn operasyon sa.
Lapolis konte sou kolaborasyon popilasyon an pou ede’l idantifye kote bandi yo ap kouri al kache pou kontinye deniche yo.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *